Accessibility links

Breaking News

Tansyon Nan Relasyon Lachin ak Japon


Chèf gouvènman Japon an, Misye Shinzo Abe, akize Lachin dèske li ap itilize sistèm ansèyman piblik chinwa a pou l ankouraje santiman anti-japonè, e sa agrave hinghang pou tèritwa ki genyen ant 2 peyi yo.

Lavèy yon vizit li gen pou l fè Washington, premye minis Abe di nan yon entèvyou li bay jounal ameriken "The Washington Post", Lachin gen yon bezwen plante byen fon lakay li pou l chèche chirepit ak Japon e ak lòt peyi ki nan rejyon azyatik la.

Li ajoute Peken itilize mezantant sa a pou l chèche konsève gwo apwi popilasyon chinwa a. Premye minis japonè a di "akòz atitid sa a, sanble se pa demen hinghang teritoryal la pral jwenn yon solisyon.

Pandan rankont premye minis Shinzo Abe ap gen vandredi 22 fevriye a nan Washington ak prezidan Etazini an, Barack Obama, obsèvatè yo atatann aske lidè japonè a chèche pwolonje akò kowoperasyon Japon ak Etazini genyen nan domèn defans lan pou ede l kontre sa ki sanble "menas" ki chita nan revandikasyon teritorial Lachin yo.
XS
SM
MD
LG