Accessibility links

Breaking News

Lapolis Sid-Afriken Jwen Dwòg Lakay Pistorius Pandanke yonTemwen fè Depozisyon Akablan Kont akize a


Yon anketè Afrik di sid fè konnen yon temwen te tande bri bal k ap tire lakay Oscar Pistorius aprè li te tande yon fi k ap rele epi li te tande plis bal tire toujou jedi pase, lè atlèt la te touye mennaj li Reeva Steenkamp.

Envestigatè a te fè depozisyon an pandan dezyèm jou odyans pou liberasyon sou kosyon an. Ministè piblik yo di fiziyasd sa a se yon ansasina ki fèt ak tout san fwa, alòske Pistorius ensiste pou l di, li panse li t ap tire yon vòlè.

Detektif la di lapolis jwen youn nan pò bal yo devan sal de ben kote prokirè yo di mademwazèl Steenkamp te fèmen tèt li andedan an anvan tire a, epi yo jwenn 3 lòt po bal andedan an.
Li ajoute la polis jwen testosteronn ak sereng andedan kay la, men ekip kap defann akize a, di se te yon remèd fèy.
XS
SM
MD
LG