Accessibility links

Breaking News

Pwogram Nikleyè Kore di Nò / Kondanasyon Lèzetazini


Kore di Sid prezante bay laprès yon nouvo misil ki, daprè sa otorite peyi a fè konnen, kapab frape nenpòt ki kote nan Kore di Nò. Gouvènman an fè anons sa a nan Seoul jedi 14 fevriye 2013 la, swa 2 jou aprè Kore di Nò te reyalize yon 3èm tès nikleyè.

Ozetazini, nouvo sekretè deta John Kerry kondane Kore di Nò, yon fwa ankò, poutèt aktivite sa yo ki, daprè chèf diplomasi amerikèn nan, reprezante yon vyolasyon sanksyon Nasyon Zini yo. Li ensiste pou l di aksyon konsa merite yon reyaksyon dyanm bò kote kominote entènasyonal la.

Misye Kerry deklare :
"Li enpòtan pou kominote mondyal la genyen kredibilite pa rapò ak efò nap fè pou n konbat pwoliferasyon nikleyè. Menm jan nou pa dwe pèmèt Kore di Nò rapouswiv pwogram nikleyè l la, se menm jan tou nou pa dwe pèmèt Iran fè menm bagay la. E fason nou koresponn ak 2 sitiyasyon sa yo, pral genyen konsekans sou tout lòt efò nap fè kont pwoliferasyon nikleyè. Se sa ki fè repons nou enpòtan."

Misye Kerry ajoute Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zinian gen pou l pran kèk aksyon dyanm kont Kore di Nò. Tout manm konsèy la, san wete youn, deja kondane tès nikleyè Nò-Koreyen yo.
XS
SM
MD
LG