Accessibility links

Breaking News

Enterè Otorite Ameriken yo pou Sekirite sou Entènèt la


Atak teworis sou entènèt la koute Lèzetazini plizyè milya dola chak ane. Washington lonje dwèt sou Lachin...
Atak teworis sou entènèt la koute Lèzetazini plizyè milya dola chak ane. Washington lonje dwèt sou Lachin...
Nan Washington, otorite ameriken yo fè konnen yon nouvo rapò gouvènman an prepare montre ki danje teworism sou entènèt la poze pou ekonomi amerikèn nan, e peyi kap jwe yon wòl lidè nan afè lanse atak sou wèb la, se Lachin.

Byen ta dimanch 10 fevriye 2013 la, otorite yo te fè yon rankont ak reprezantan laprès nan Washington -pami yo genyen jounal Washington Post- kote yo di “hakers” yo (kidonk, mesye/dam kap lanse atak sou entènèt la) ap vize kounye a sektè tankou enèji, finans, teknoloji enfòmasyon, domèn ayewospasyal avèk sektè manifakti otomobil la.
Nan menm domèn atak sou wèb la, daprè kalkil ki fèt, dega sa fè Ozetazini sou sektè piblik ak sektè prive a, mete sou efò otorite yo fè pou yo pwoteje peyi a kont atak konsa, koute gouvènman ameriken an plizyè dizèn de milya dola. Sepandan, pa le fèt ke kèk konpayi amerikèn konn refize rapòte atak yo sibi anba men “hakers” yo, pri a kapab monte pi wo toujou.

Espesyalis ki pale ak VOA fè konnen li difisil pou moun idantifye vrè sous atak yo ak espyonaj kap fèt sou Lèzetazini nan domèn sa a, alòske gen anpil sektè ki kapab viktim. La Mezon Blanch ap gade pou l wè kijan pou li koresponn ak danje sa a. pami repons posib yo, genyen sanksyon komèsyal kont peyi ki tolere atak konsa, epi restriksyon viza kont ofisyèl peyi sa yo ak manm fanmi yo.

Dapre jounal Washington Post, administrasyon Obama a ap anvizaje posiblite pou l pibliye yon arete prezidansyèl semèn sa a menm sou sekirite entènèt la, avek objektif pou l ede sektè prive a pwoteje tèt li kont kalte atak sa yo.
XS
SM
MD
LG