Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Tanpèt Nèj ap Pase sou Nò-dès Lèzetazini


Ozetazini, kaptenn-meteo anonse pou vandredi ak samdi 8 ak 9 fevriye 2013, yon gwo tanpèt nèj pou pati nò-dès peyi a, sòti depi rejyon New-York/New Jersey pou rive nan kèk eta ki touche fwontyè peyi a ak Kanada, tankou Maine ak Vermont, an pasan pa Connecticut, Massachussetts, New Hampshire ak Rhode Island.

Plizyè milyon moun ki kapab sibi konsekans move tan sa a, pase lontan jedi ap fè preparasyon pou yo pwoteje tèt yo ak manm fanmi yo. Ian Watson-Belmont, se yon moun kap viv nan eta Massachusetts. Li pale pou l di :

“Mwen byen kontan sa rive nan yon weekend; paske nou gen tan pou n mete lakay nou ase manje, petèt tou chandèl, flash, bagay konsa. Genyen anpil bagay yon moun kapab prevwa e nou dwe pran prekosyon pou sa pase byen pou nou. Mwen kwè yon moun fèt pou planifye.”

Se menm konsèy sa a (konsèy pou moun planifye) otorite yo nan tout ayewopò nan rejyon konsène a bay moun ki te gen plan pou yo vwayaje nan pati nò-dès Lèzetazini nan 2 zou 3 jou kap vini la yo. Ed Freni se yon administratè ayewopò nan Eta Massachusetts.

Misye fè konnen :
"Pral genyen anpil-anpil vòl kap anile. Moun ki te gen pou vwayaje vandredi swa oubyen pandan tout jounen samdi a, nou bay yo konsèy pou yo rele konpayi ayeryèn yo e chache konnen si vòl yo a pa anile anvan yo deplase pou yo ale èpòt ."

Daprè previzyon kapten-meteo ameriken yo fè, gwo tanpèt nèj sa a byen kapab genyen menm fòs e menm dimansyon ak yon gwo tanpèt ki te frape pati nò-dès Lèzetazini nan lane 1978 e ki te dire plizyè jou.

Sèvis Nasyonal Meteo Ameriken an --ki baze nan vil Miami, nan Eta Florid-- lanse yon avètisman kont tanpèt-nèj pou moun kap viv nan yon rejyon ki sòti depi Eta New York pou rive nan Eta Maine… sa vle di, yon rejyon ki gen ladan n 2 gwo vil : Boston ak New York City. Menm previzyon yo di kèk kote kapab resevwa jiska 61 santimèt (swa plis pase 2 pye) nèj.
XS
SM
MD
LG