Accessibility links

Breaking News

Kritik Senatè Jean W. Jeanty kont Lidè Chanm Depite a


UN-Haiti
UN-Haiti
Senatè Jean William Jeanty (Depatman Nip) denonse desizyon chanm bas la pran pou l chwazi pou kont li tout reprezantan palman an nan yon komisyon bikameral ki gen pou fòme konsèy elektoral la.

Daprè senatè a, yon desizyon konsa pa an akò ak règleman yo ki prevwa pou chakenn nan 2 chamn yo genyen reprezantan li nan komisyon an.

An plis de sa, Misye Jeanty lonje dwèt sou le fèt ke biwo chanm depite a chwazi sèlman manm gwoup majoritè a ki pwòch pouvwa an plas la.

Palmantè Nip la poze kesyon pou l mande eske sa ta ta vle di gouvènman Martelly-Lamothe la pa enterese vrèman pou l òganize eleksyon nan peyi a e li mande 2 alatèt pouvwa egezekitif la pran responsablite yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Renan Toussaint ki nan Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG