Nan Irak –pi presizeman nan vil Taji, ki o-nò capital la, Bagdad, 4 moun pèdi lavi yo tandiske o-mwen 20 lòt blese nan yon atak-suisid ki fèt sou fòs gouvènmantal yo byen bonè lendi 4 fevriye 2013 la.
Atak sa a dewoule nan moman victim yo te prezante nan yon biwo pou yo resevwa lajan travay yo.
Sa rive yon jou aprè 15 moun pou pi piti te mouri e 150 lòt te blese nan yon atak sou yon biwopolis nan vil Kirkouk, nan nò Irak. Daprè lapolis, moun ki te lanse atak lendi a se yon bonbis ki te nan yon machin pyeje e ki te gen konkou kèk nèg ame degize an polisye.