Accessibility links

Breaking News

Kilè Eleksyon pral Dewoule ann Ayiti? Opinyon Mèt Carlos Hercule


Batonye lòd avoka yo nan Pòtoprens, Carlos Hercule, kritike pouvwa ekzekitif la ki, daprè li, pa montre li gen volonte pou l òganize eleksyon nan peyi a.

Jiris la fè konnen desizyon Platfòm Relijyon pou Lapè pran pou l wete kò l kòm fasilitatè nan negosyasyon sou pwosesis elektoral la, pral gen vove konsekans sou kredibilite pwosesis la ak suit negosyasyon sou fòmasyon enstitisyon ki rele “Kolèj Jesyon Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an”.

Pandansetan negosyasyon ap kontinye konsènan 6 manm Kou Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSJP) : 3 ki prete sèman e ki an pòs deja, ak 3 lòt kap tann depa 3 premye yo pou yo menm kapab prete sèman. Malgre antant divès pati yo te jwenn nan dat 24 desanm 2012 la, negosyasyon sou fòmasyon konsèy elektoral la toujou nan enpas.

Klike sou ikonn agoch la pou koute yon entèvyou kolaboratè nou Jean-Pierre Leroy reyalize ak batonye lòd avoka Pòtoprens la, Mèt Carlos Hercule.
XS
SM
MD
LG