Accessibility links

Breaking News

Apèl Sekretè Jeneral l’ONU an pou Belijeran yo nan Siri


Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, mande pati k ap goumen nan Siri yo pou yo sispann batay.

Chèf l’ONU an di li konsidere sitiyasyon an nan peyi a kòm yon katastwòf. Misye Ban lanse apèl sa a mèkredi 30 janvye 2013 la nan okazyon yon konferans kap dewoule nan Kowet kote ajans imanitè Nasyonzini an ap chache yon milya 500 milyon dola asistans pou refijye siryen kap sibi move konsekans konfli a depi preske 2 lane.

Kowet ak Emirat Arab Ini pran angajman pou yo bay 300 milyon dola. Konferans la ap fèt yon jou apre anvwaye espesyal l’ONU/Lig Arab la, Lakhdar Brahimi, te mande Konsèy Sekirite Nasyonzini a pase alaksyon pou anpeche destriksyon Siri.
XS
SM
MD
LG