Accessibility links

Breaking News

Ejip - Vyolans : Avètisman Chèf Lame Peyi a kont yon Katastwòf Nasyonal


Ann Ejip, jeneral an chèf lame a, Abdel Fattah el-Sissi, lanse yon pinga kote li di kriz politik peyi a ap travèse a kapab debouche sou efondreman nasyon an. Mesye el-Sissi, k ap jwe wòl minis defans tou, fè deklarasyon sa a madi 29 janvye 2013 la nan yon diskou li pwononse devan kadè yo nan akademi militè a.

Pandansetan mouvman leve-kanpe kont gouvènman an ap rapousuiv. Nan sware lendi 28 janvye a, plizyè santèn manifestan anti-gouvènmantal te desann nan lari plizyè vil kote yo defye yon lwa sou eta dijans ak kouvre-fe gouvènman an enpoze pou kontwole manifestasyon yo.

Pa egzanp, lendi 28 janvye a --premye jou kouvre-fe a te antre ann aplikasyon-- Ejipsyen yo pran beton an nan Port Said, Isamailiya ak Suez apre 9 vè di swa. Prezidan Mohamed Morsi te dekrete eta dijans la dimanch pase a.
XS
SM
MD
LG