Accessibility links

Breaking News

Mali: Twoup Fransè yo pran Kontwòl Aewopò ak Wout ki Mennen nan vil Timbouktou


Twoup fransè yo pran kontwòl aewopò ak wout ki men-nen nan vil Timbouktou pandan y ap kontinye operasyon yo ki vize dechouke militan islamis yo ki pran kontwòl rejyon Nò Mali ki anba men yo depi plizyè mwa.

Responsab militè yo deklare lendi 28 janvye a , pandan lanwuit la , parachitis ak sòlda ki sou teren an ki te jwen apui elikoptè pou yo te bay vil la sekite .

UNESCO (Oganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon Lasyans ak Lakilti) di vil Timbouktou reprezante yon Sit Eritaj Mondyal pou pakèt ansyen moske ak lye pelerinaj yo, pami yo genyen ki la depi nan epòk 15e syèk.

Sepandan gwoup islamis Ansar Dine konsidere andwa sa yo kòm lye sakrilèj e militan yo déjà detwui plizyè mozole nan vil la.
XS
SM
MD
LG