Nan pwogram Lib Tribin, Dyaloge ak Etazini, 23 janvye a, Lavwdlamerik fè deba sou diskou prezidan ameriken, Barack Obama te pwononse nan okazyon prestasyon sèman li pou yon dezyèm manda 4 an sou pouvwa.
Nan dezyèm pati pwogram nan, prezantatèt yo, Jean-Lyonel Desmarattes ak Jacquelin Bélizaire te analize avèk envite yo remaniman nan kabinè ministeryèl gouvènman Martelly-Lamothe la nan peyi Dayiti.
Analis politik Dr Yves Renaud, avoka Ralph François nan Florid, ekonomis ayisyen Harry Fouché nan Chikago (Illinois) te konpoze panèl la.