Accessibility links

Breaking News

Ekspè Lasante yo di y ap eseye yon Medikaman ki Kapab Anpeche Ze Anofèl Repwodui Andedan Selil Sangen yo


Chèchè yo fè konnen yo dekouvri fason parazit ki bay malarya a repwodui andedan kò moun lè moustik anofèl pike yo e transmèt yo parazit la. Dapre chèchè yo chak fwa yon moustik Anofèl ki pote jèm malaria a pike yon moun, li lage anviwon 1 milye ze andedann. Se Ze sa yo ki repwodui nan selil globul wouj yo selon Doron Greenbaum, yon pwofesè Famasi nan Inivèsite Pensilvani. Selon ekspè a chak ze parazit yo kapab repwodui ant 24 a 32 parazit nan yon espas 2 jou.

Greenbaum ansanm ak kòlèg li yo di parazit yo sèvi ak yon seri pwoteyin pou yo repwodui. Apre parazit yo fin minen selil yo, parazit tou nèf yo travèse muray selilè yo pou retounen nan sikilasyon san an pou enfekte nouvo tisu sangen. Apre yon periòd ant youn ak 2 semèn ke parazit yo pran pou yo kouve e kale, yo bay viktim nan yon fyèv frison ki kapab menm touye l.

Dekouvèt wout pwoteyin nan swiv andedan globil wouj yo ede ekspè yo jwenn yon nouvo medikaman oral ki rele sotrastaurin pou trete enfeksyon mòtèl la. Jèm malaria-a, P falciparum, vize yon anzim patikilye ki rele PKC, e P falcifarum nan melanje ak PKC a pou febli chèn pwoteyin nan jiskaske li febli selil yo tou e detwi yo. Men sotrastaurin nan bloke aksyon ki ta kapab genyen ant P falciparum ak PKC a.

Dapre pwofesè Greenbaum, parazit yo pa kapab repwodui si pa gen aksyon ant P falciparum nan ak PKC a. Parazit yo kòmanse mouri nan yon espas 2zè.

Chèchè yo, ke Greenbaum ap dirije, deja teste medikaman an pou wè efè l lap genyen sou pasyan ki resevwa yon ògan. Tès ki fèt nan laboratwa montre medikaman an redui seryezman kantite jèm malarya P falciparum nan sourit yo.
XS
SM
MD
LG