Accessibility links

Breaking News

Etazini - Libi: Depozisyon Sekretè Deta Clinton Devan Kongrè a


Nan Washington, Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, pase plizyè èdtan, mèkredi 23 janvye 2013-la, ap fè depozisyon devan manm Kongrè a sou atak ki te fèt sou konsila ameriken an nan vil Bengazi, nan peyi Libi, e ki te lakoz 4 diplomat ameriken pèdi lavi yo –pami yo te genyen anbasadè Lèzetazini nan Tripoli a, Chris Stevens.

Madam Clinton deklare atak sa a –ki te dewoule nan dat 11 septanm 2012 la- te fè pati yon kouran ensekirite teworis ki te gaye atravè rejyon Afrik di Nò. Chèf diplomasi amerikèn nan di kisa ki dwe fèt, daprè li, pou evite atak konsa repete.

"Revolisyon arab la te vin deranje dinamik pouvwa yo e destabilize fòs sekirite yo nan rejyon an. Enstabilite ki egziste nan peyi Mali vin kreye e elaji yon azil ki ofri pwoteksyon pou teworis kap chache devlope kad enfliyans yo e kap monte konplo pou yo lanse plis atak tankou sa k dewoule semèn pase a nan Aljeri."

Madam Clinton te kontinye pou l di manm komisyon afè etranjè Sena a Depatman Deta a deja pran tout dispozisyon pou l mete an aplikasyon tou lè 29 rekòmandasyon yon komite dankèt fè kòm mwayen pou yo ranfòse sekirite nan misyon diplomatik e konsilè Lèzetazini yo a travè lemond.

Youn nan pèsonalite nan adminitrasyon Obama a ki te resevwa plis kritik pou jan otorite ameriken yo te jere sitiyasyon an nan Benghazi aprè atak la, se anbasadris Lèzetazini nan l’ONU an, Susan Rice, ki te bay entèvyou nan televizyon kote li te fè konnen atak sa a sete rezilta yon mouvman pwotestasyon, e non pa yon atak teworis. Senatè John McCain di yon reyaksyon konsa pa akseptab.

“ Pèp ameriken merite gen repons yo. E pou yon sitiyasyon konsa, nou pa dwe genyen repons ki fo. Repons anbasadris Lèzetazini nan l’ONU an te bay pèp ameriken an nan dat 15 septanm pase a, sete yon fo repons.”

Senatè McCain di Sekretè Deta Clinton dwe montre plis senserite nan fason lap di kisa k te pase nan Benghazi. Sou pwen sa a, chèf diplomasi amerikèn nan fè konnen li pi enpòtan pou moun trennen devan lajistis sila yo ki responsab atak la, pase pou moun chache konnen kisa k te motive aksyon yo a. Li di li bezwen èd Kongrè a pou l ede tranzisyon politik la nan Libi debouche sou yon konklizyon pozitif.

" Kounyela a, Libi se yon peyi danjre toujou. Se toujou yon peyi ki plen enstabilite. E kèlkeswa sa n ka fè pou n ede yo, nou dwe omwens antann nou sou sa k dwe fèt la epi mete kò nou deyò pou n reyalize l."
Sekretè Deta a fini pa di, kèlkeswa sa ki fèt pou redui risk ki poze pou diplomat ameriken kap travay aletranje yo, yo byen konnen ap toujou genyen yon nivo danje sou wout yo ; epi yo pa kapab rete nan yon sitadèl fèmen pou yo fè travay yo.
XS
SM
MD
LG