Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Politik : Chanjman nan Kabinè Ministeryèl la / 7 Minis Ranplase


Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, fè yon pase-men nan kabinè li a kote li nonmen 7 nouvo minis epi li fè plizyè lòt chanjman nan adminstrasyon piblik la.

Nan nouvo kabinè a, nou jwenn vizaj tou nèf sa yo :

Régine Gaudefroy se nouvo Minis Kominikasyon;
Josette Darguste pral okipe plas Minis Kilti;
Magalie Racine pral dirije Ministè Jenès ak Espò ;
Eks-Majò Fad'h David Bazile nonmen nan tèt Ministè Enteryè ;
Bernice Phidélia jwenn nominasyon n kòm Minis Ayisyen kap Viv a Letranje ;
Jean-François Thomas pral dirije Depatman Anviwonnman an ;
Epi Charles Jean-Jacques nonmen nan tèt Depatman Afè Sosyal.

Nap fè remake Premye Minis Lamothe konsève plas li kòm Minis Kowoperasyon Ekstèn. Gen chanjman tou ki fèt lòt kote nan administrasyon piblik la.

Pa egzanp, Guylèr C. Delva kite pòs Sekretè Deta kominikasyon, pou li okipe plas konseye prezidans la pou kesyon kominikasyon. Radyo-Televizyon Nasyonal genyen yon nouvo direktè: Se Emmanuel Ménard ki ranplase Bernier Sylvain.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute repòtaj Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG