Accessibility links

Breaking News

Siri: Kantite Moun ki Mouri nan Eksplozyon Inivèsite Alèp la ap Ogmante


Batay ap kontinye nan plizyè zòn an Siri jodi Mèkredi 16 Janvye a, nan moman yon gwoup dwazimen Siryen di kantite moun ki mouri nan eksplozyon ki rive nan Inivèsite Alèp la monte a 87.

Nouvèl yo rapòte fòs gouvènman an bonbade komite koòdinasyon opozisyon lokal nan Daraa, Homs ak plizyè vilaj nan alantou kapital la Damas.

Obsèvatwa dwazimen Siryen ki baze an Grand Bretay rapòte plis pase 150 moun blese nan eksplozyon yè Madi a nan Alèp e ke kantite moun ki mouri yo kapab ogmante.

Gwoup dwazimen an deklare bay Lavwa Dlamerik oken group pa pran responsabilite pou bonbadman an.
XS
SM
MD
LG