Accessibility links

Breaking News

Debakman Plizyè Sòlda West-Afriken nan Mali


Ann Afrik de Lwès, divès peyi voye twoup militè yo nan Mali pou ede lame malyèn nan repouse militan rebèl kap avanse sou plis rejyon nan pati sid peyi a. Oparavan, anons te fèt pou di se jous nan mwa septanm 2013 la twoup wès-afriken yo tap gen pou ale nan Mali; sepandan, Sonny Ougo, direktè kominikasyon Kominote Ekonomik Eta Wès-Afriken yo, fè Lavwadlamerik konnen yon afè de 3 mil òm jwenn otorizasyon Konsèy Sekirite l’ONU an pou yo ale nan vil malyèn Diabaly depi lendi 14 janvye 2012 la.

Menm lendi 14 janvye a, anbasadè Lafrans nan Nasyon Zini, Gérard Araud, pale pou l di jeneral nijeryan ki gen pou dirije twoup wès-afriken yo deja twouve li nan kapital Mali a, Bamako. Lòt peyi ki pwomèt pou yo voye sòlda tou, se Nijèr, Bourkina Faso avèk Senegal.

Bò kote pa l, minis defans fransè a, Jean-Yves Le Drian, deklare rebèl yo te mete men sou vil Diabaly ki sou yon distans 400 kilomèt o nò Bamako aprè yon batay fewòs ak sòlda malyen yo. Sepandan, minis la kontinye pou l di operasyon militè Lafrans lanse nan peyi a ap bay bon rezilta; saprè li, operasyon sa a ap mache jan prezidan François Hollande te prevwa l la.

Lòt reyaksyon sou sitiyasyon-an nan Mali: Minis defans ameriken an, Leon Panetta, pale lendi 14 janvye a pou l di Lèzetazini pare pou l ofri asistans lojistik bay twoup fransè ki nan Mali yo; dayè, Washington deja ap fè fransè yo jwenn enfòmasyon gras ak imaj kèk aparèy telegide ameriken ap ranmase nan rejyon an. Yon lòt kote, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, di li byen akeyi desizyon Pari pran pou l voye twoup nan Mali-a. Mesye Ban espere aksyon sa a va rive bloke ofansiv rebèl yo.
XS
SM
MD
LG