Accessibility links

Breaking News

Kiba: Yon Nouvo Lwa Imigrasyon Pou Sitwayen Kiben Antre ann Aplikasyon


LYon nouvo lwa antre ann aplikasyon nan peyi Kiba.wa sa a ap pèmèt sitwayen kiben vwayaje aletranje pou premye fwa depi plizyè dizèn lane san yo pa bezwen aplike pou yon viza sòti ki koute anpil lajan.

Gen kèk kiben ki aliyen nan biwo vwayaj yo pou yo pran avantaj sou nouvo lwa sa-a e komanse fè aplikasyon pou yo ka gen paspò. Daprè lwa sa a, Kounye a kiben yo gen pou yo montre Selman yon paspò ak viza peyi kote yo planifye pou yo al vizite a.

Anvan, gouvènman kiben an te mande pou sitwayen li yo bay yon lèt envitasyon avèk yon viza sòti anvan yo te kapab kite il la.

Kiben yo ap gen pèmisyon tou pou yo rete aletranje pou plis ke 2 zan kounye a, la Havann te premye anonse ppwojè pou soulaje restriksyon sou vwayaj-yo nan mwa oktòb pase.

Gouvènman Castro a te enpoze kèk restriksyon sevè sa gen plizyè dizèn lane pou anpeche yon egzòd profesyonel ki chaje ak talan tankou Medsen, avoka ak enjenyè ---yon fenomèn ke yo konnen kom yon “ egzòd sèvo”.

Gwoup dwazimen yo te pwoteste kont sistèm anvan an, yo di li te mete restriksyon ki pa jis sou mouvman kiben yo.
XS
SM
MD
LG