Accessibility links

Breaking News

Etazini - Politik : Reyaksyon Aprè Nominasyon Chuck Hagel pou Plas Minis Defans la


Pèsonalite Prezidan Barack Obama chwazi pou pòs minis defans la, ansyen senatè Chuck Hagel, pwovoke gwo tole nan peyi Izrayèl, tandiske anons nominasyon n nan pote gwo espwa nan peyi Iran kote otorite yo espere pral genyen bon jan chanjman nan politik Lèzetazini vizavi Teheran.

Prezidan palman izrayelyen an, Reuven Rivlin, fè konnen nominasyon sa a ba li gwo kè-sote akoz pozisyon Misye Hagel abitye pran konsènan Izrayèl. Sepandan, misye Rivlin ajoute relasyon ant Lèzetazini ak Izrayèl rete dyanm e yon sèl grenn moun pa kapab detèmine politik yon peyi. Premye minis izrayelyen an, Benjamin Natenyahu, pa fè okenn deklarasyon imedyatman aprè anons nominasyon Misye Hagel la.

Nan peyi Iran menm, pòt-pawòl Ministè afè etranjè a, Ramin Mehmanparast, fè konnen Teheran genyen bon jan espwa ratifikasyon Misye Hagel kapab pote chanjman enpòtan nan politik etranjè Lèzetazini.

Pozisyon ansyen senatè a te pran sou pwogam nikleyè iranyen an e sou relasyon Lèzetazini ak Pouvwa Palestinyen an, sanble pa nan gou otorite yo nan gouvènman Izrayelyen an, e moun kap kritike l yo pè pou chwa li kòm nouvo chèf Pentagòn nan pa vin mete presyon sou Izrayèl pou l fè konsesyon li pa ta renmen fè nan negosyasyon ak Palestinyen yo.

Obsèvatè yo prevwa Misye Hagel pral gen gwo difikilte pou l jwenn ratifikasyon Sena ameriken an.
XS
SM
MD
LG