Accessibility links

Breaking News

Avèsman kont Vwayaj ann Ayiti / Reyaksyon Gouvènman Ayisyen an


Sa pa gen lontan, Depatman Deta Lèzetazini te lanse yon avètisman bay sitwayen ameriken ki vle vwayaje ann Ayiti ak sila yo kap viv nan peyi a. Avètisman an te atire atansyon sou nivo kriminalite a ki monte nan peyi a, avèk move zak tankou vòl-a-men-ame, asasina, kidnaping, elatriye... Anvan lontan, gouvènman peyi Kanada, antwòt, te fè menmman, parèyman.

Kòm reyaksyon ki vini aprè piblikasyon avètisman Depatman Deta a, Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, ak kèk manm nan kabinè li a bay yon konferans pou laprès lendi 7 janvye a pou yo rasire envestisè yo ak vizitè patansyèl yo. Nan konferans pou laprès sa a, otorite yo anonse gouvènman an pran kèk nouvo dispozisyon pou yo ranfòse sekirite a nan peyi a.

Misye Lamothe deklare - nap site:

"Mwen ta renmen di tout moun nan lemond antye ke Ayiti se youn nan peyi ki pi "sur" nan Karayib la e nan Amerik Latin nan... Gouvènman an ap travay pou l rasire tout touris etranje ak tout moun nan dyaspora ayisyèn nan ke yo kapab vin vizite peyi a san pwoblèm..."

Daprè korespondan nou Clarens Renois, Premye Minis ayisyen an vini ak chif pou l montre pa gen anpil krim, tankou kidnaping, ki fèt nan peyi a pandan mwa ki fèk pase yo.
XS
SM
MD
LG