Accessibility links

Breaking News

Yon Ankèt sou Atak 11 Septanm 2012 la sou yon Konsila Ameriken nan Libi, Kapab Debouche sou Revokasyon Oubyen Demisyon


Yon komisyon endepandan ki t ap mennen ankèt sou atak ki te fèt sou konsila ameriken an nan vil Benghazi, nan pati lès peyi Libi, di li fin pa dekouvri , sekirite nan misyon konsilè a pat apwopriye ditou-ditou.

Atak sa a te lakoz lanmò anbasadè Lèzetazini nan Libi a, Christopher Stephens, ak 3 lòt diplomat ameriken. Pwofesè Stephens Zunes k ap anseye Etid Mwayen Oryan nan Inivèsite San Francisco a fè Lavwadlamerik konnen, dekouvèt komisyon an fè yo byen kapab debouche sou sanksyon disiplinè e menm sou demisyon.

Atak ki te fèt sou konsila Lèzetazini nan Benghazi a avèk repons imedyat sa te pwovoke bò kote administrasyon Obama a, te tounen tèm yon deba byen chofe nan milye politik ameriken yo, sitou pandan semèn ki te vini anvan eleksyon 6 novanm pase a.

Pa egzanp, anbasadris Lèzetazini nan Nasyon Zini an, Susan Rice, te resevwa gwo kritik pou fason li te prezante dosye a, lè li te di: “Atak la sete yon reyaksyon spontane, san preparasyon, ki te fèt aprè pwotestasyon ki te dewoule devan anbasad amerikèn nan nan vil Lekèr, nan peyi Lejip.

Klike agoch pou koute yon repòtaj Jean Robert Philippe ak Jean Lionel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG