Accessibility links

Breaking News

Brookings Institute: Pwoblèm Degèpisman an Mwen Grav Kel Parèt nan Peyi d Ayiti


Yon panel ki gen reprezantan Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal, USAID, ak reprezantan Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon, OIM, pale de efò ki fèt pou ede moun ki nan kan yo ann Ayiti depi tranblemanntè janvye 2010 la.

Manm panel la fè konnen gen plis pase 300 mil moun sanzabri ki nan kan yo jiskaprezan. Panelis yo di gen anpil travay ki rete pou fèt e pi gwo difilkilte yo rankontre se pwoblèm tè, sètadi yo pa jwenn ase anplasman pou mete moun ki pa gen kote pou yo rete yo.

Vlatko Avramovski, ki se kowòdonatè anrejistreman doné pou OIM, di kesyon degèpisman an pa reprezante yon gwo problem ann Ayiti ankò, paske yo negosye ak gouvènman an.

Avramovski di: "Pa gen gwo menas degèpisman. Majistra yo ak gouvènman an konprann objektif nou. Genyen nan majistra yo ki te komanse fè degèpisman nan kan yo, men avek kolaborasyon nou etabli avek nouvo gouvènman an, pwoblem sa on ti jan diminue."

Konseye Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal la, Charles Setchell, di yon nouvo system finansman pral benefisye plizyè fanmi pou ede yo jwenn kay pou yo rete.

Li di: "se resamman gouvènman ameriken an devlope yon pwogram mikro finans pou ede moun lwe kay e ede yo fè ti bizniss. Se yon pwogram yo te anonse an septanm e lap koute 26 million dola. Omwens 4 mil fanmi pral benefisye nan pwogram sa a."

Msye Setchell di se yon ti pwojè, men pa gen lòt pwojè konsa an favè moun kap viv nan kan yo.

Rapò OIM nan (Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon an) montre te genyen yon milyon 500 mil moun ki t ap viv nan 1555 kan nan mwa jiyè 2010 la. Sepandan, jounen jodi a se sèlman plis pase 300 mil moun k ap viv nan 498 kan. OIM ap kontinye travay nan tèt-ansanm ak gouvènman ayisyen an pou wè si yo va deplase moun sa yo pou mete yo nan kay pèmanan.
XS
SM
MD
LG