Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Referandòm Samdi 15 Desanm nan Divize Klas politik ak Sosyete a


Ejipt ap pare pou l òganize yon referandòm sou yon nouvo konstitisyon Samdi 15 desanm k ap vini la a, yon vòt ki divize peyi a. Sipòtè ak advèsè pwopozisyon nouvo konstitisyon an manifeste tou patou nan peyi a avan referendum nan.

Nan kapital la, Lekèr, gwoup ki pa dakò ak dokiman an manifeste devan Palè prezidansyèl la malgre yon gwo prezans fòs de lòd. Rheem, youn pami manifestan yo di « nou prezan devan palè a pou eksprime fristrasyon n kont dokiman an ki pa reprezante tout sitwayen Ejipsyen. »

Manifestan yo denonse fason rapid Islamis yo, ki majorite nan Asanble a, te vote dokiman an. Yo di dokiman an enpoze yon vizyon relijye sou peyi a pandan li pa pwoteje dwa sivik sitwayen yo.

Hadi El Bargoury, yon sineyas ki te pami manifestan yo di dokiman an ekri sèlman pou yon pouvwa islamik alòske Ejip se peyi tout moun. Kèk pami manifestan yo kritike Etazini yo di k ap sipòte prezidan Mohamed Morsi, menm lè yo plis eksprime kòlè yo kont prezidan an li menm.
XS
SM
MD
LG