Accessibility links

Breaking News

L’ONU Lanse yon Kanpay pou Elimine Kolera ann Ayiti


"Maladi kolera kontinye fè viktim nan mitan popilasyon an nan peyi Dayiti ak Repiblik Dominikèn." Se konsa Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, te kòmanse yon mesaj li mete devan Asanble jeneral l’ONU an, nan jounen madi 11 desanm 2012 la, nan kad lansman yon kanpay ki ta dwe debouche sou eliminasyon kolera sou tout Zile Ispanyola anvan fen ane 2022. Misye Ban te pale an prezans, antwòt, Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, ak minis sante piblik Repiblik Dominikèn nan, Misye Lorenzo Hidalgo.

Sekretè Jeneral l’ONU an kontinye pou l di: "Ann Ayiti, epidemi an deja pran lavi plis pase 7750 moun e li enfekte 620 mil lòt; konsa li vin ajoute yon gwo pwa lou sou soufrans yon peyi ki te deja ap redi pou l leve anba move konsekans pi gwo dezas natirèl moun anrejistre nan tout istwa emisfè oksidantal la. Nasyon Zini ak anpil asosye li yo ap travay ak gouvènman e ak pèp ayisyen an pou yo pote repons ki nesesè yo. Nou santre atansyon nou sou bon jan dlo ak enstalasyon ki ofri bon jan kondisyon lijyèn, mete sou seyans fòmasyon, lojistik ak avètisman davans pou pwoteje popilasyon an kont danje previzib."

Pi lwen, Sekretè Jeneral l’ONU an di: “Ayiti anrejistre yon gwo bès nan kantite moun ki enfekte e ki mouri. Sepandan, kriz sa a se pa yon kriz ki la pou yon ti bout tan. Travay pou elimine kolera ann Ayiti pral kontinye egzije kowoperasyon ak apui total kominote entènasyonal la. Mwen remèsye Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, ak minis sante Repiblik Dominiken an, Misye Hidalgo, pou efò yo deplwaye nan lit kont kolera a. Prezidan Clinton, anwavye espesyal l’ONU an, pat kapab isit la jodiya ; men nou tout konnen fòs angajman li pran pou l ede pèp ayisyen an.

Sekretè jeneral Ban Ki-moon ajoute :"Sa genyen yon lane, prezidan peyi Dayiti ak Repiblik Dominikèn te lanse Inisyativ pou Eliminasyon Kolera sou Lil Ispanyola. Jounen jodiya, nap lanse yon lòt inisyativ tou nèf pou n apiye Kanpay Ispanyola a. Nouvo inisyativ la pral envesti nan prevansyon, trètman ak edikasyon. Sa pral mande yon apwòch total-global, pou n kapab atake depi ki rele Kolera a. Nou pral santre atansyon n prensipalman sou distribisyon plis dlo potab ak enstalasyon plis sistèm sanitasyon. Men, jounen jodi a, nou dispoze sove lavi moun tou gras ak itilizasyon vaksen sewòm oral."

Sete kèk ekstrè nan yon mesaj Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini, Ban Ki-moon, pwononse yè madi 11 desanm 2012 la, nan katye jeneral l’ONU nan New York, pandan li tap lanse yon kanpay ki vize eliminasyon kolera sou Zile Ispanyola anvan fen ane 2022. Lansman kanpay sa a te fèt an prezans divès pèsonalite ; pami yo, antwòt, Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, ak minis Sante Piblik Repiblik Dominikèn nan, Misye Lorenzo Hidalgo.
XS
SM
MD
LG