Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly ap Retounen Ayiti aprè yon Rankont ak manm Dyaspora a nan Miami


Prezidan Martelly ansanm ak kèk manm gouvènman an ap retounen Ayiti apre yo fin rankontre ak kominote ayisyen an nan Miami, Florid.

Nan rankont sa a ki fèt nan Miami Prezidan Martelly mande dyaspora a pa tande moun k ap voye monte sou peyi a paske ekip l ap dirije a ap travay e y ap mete strikti pou pèmèt Ayiti avanse pou pi devan. Premye minis Laurent Lamothe fè yon aparisyon nan rankont lan tou pou l montre sipò l bay prezidan ayisyen an ak tout ekip gouvènman an.

Prezidan an te pwofite entwodui chak minis ak sekretè deta pou yo pale sou travay y ap fè nan ministè y ap dirije a.

Korespondan nou Pierre Nazon Beaulière ap rezume jounen rankont sa a pou nou depi Miami, Florid.
XS
SM
MD
LG