Accessibility links

Breaking News

Vandredi 7 Desanm 2012 : 71èm Anivèsè Atak sou Pearl Harbor


Bato de gè ameriken USS California (adwat), apre Japon te kòmanse atak li sou Pearl Harbor nan dat 7 desanm 1941.
Bato de gè ameriken USS California (adwat), apre Japon te kòmanse atak li sou Pearl Harbor nan dat 7 desanm 1941.
Ameriken toupatou Ozetazini ap komemore, vandredi 7 desanm 2012 la, 71èm anivèsè atak Japon te lanse sou baz naval Pearl Habor nan Eta Hawaii. Nan dat 7 desanm 1941, avyasyon militè Japon te atake baz la vè 8 di maten. Atak la te touye plis pase 2400 ameriken e li te koule 5 bato de gè ; sa ta pral debouche sou antre Lèzetazini nan 2e Gè Mondyal la.

Nan Washington, Sèvis Pak Nasyonal la onore ansyen konbatan yo avèk yon seremoni ki dewoule sou Mozole 2èm Gè Mondyal la ki sou yon gwo plas piblik yo rele «Mòl Nasyonal la ». Seremoni an kòmanse nan lè egzat atak la te rive a.

Pandan jounen an, moun ap rasanble tou nan sant vizitè Peral Habor la e nan yon mozole yo te bati ak restan youn nan bato ki te koule yo, an palan de USS Arizona. Prezidan ameriken ki te sou pouvwa a nan epòk la, Franklin Delano Roosevelt, te fè yon diskou istorik kote li te di jou 7 desanm nan ap pase nan listwa kòm « yon dat trayizon ak lawont ». Lèzetazini te deklare Japon lagè yon jou apre « atak san rezon » sa a, swa le 8 desanm 1941. 3 jou apre, 11 desanm menm ane a, peyi alye Japon yo, Almay ak Itali, te deklare Lèzetazini lagè --- e se konsa Lèzetazini te antre nan konfli mondyal la.
XS
SM
MD
LG