Accessibility links

Breaking News

Etazini – Larisi : 2 Peyi yo ap Rankontre Konsènan Sitiyasyon an nan Siri


Sekretè deta Etazini an, Hillary Clinton ap rankontre avèk minis afè etranjè rus la, Sergei Lavrov e ak anvwaye lapè Lakhdar Brahimi pou yo diskite sou konfli Siryen an. Yon otorite wo plase Etazini fè konnen triyo a pral rankontre nan Dublin nan peyi Ireland nan kouliss yon konferans sou dwazimen.

Rankont sa a tonbe nan moman kabinè Almay nan aksepte pou l voye misil defans ayeryen Patriyòt ak sòlda nan peyi Turki pou ede proteje manb L’Otan yo sizoka Siri ta lanse kèk atak.

Kounye a, akò sa a dwe jwen aprobasyon palman Alman an ke yo atann ki pral apiye mezi sa a. Netherlands ak Lèzetazini gen pou yo ede avèk deplwaman misil Patriyòt yo nan kèk semèn k ap vini yo.

Sekretè deta Clinton di desizyon sa a voye yon mesaj klè bay lidè siryen yo pou fè yo konnen ke Turki gen apwi total Alyans la. Li lanse apèl pou mande prezidan Bashar al-Assad pou l jwen yon antant politik avèk nouvo oppozisyon re-òganize Siri a e li bay avètisman pou di Siri: “itilizasyon zam chimik inakseptab.”

Chèf diplomasi amerikèn nan deklare: “preokipasyon nou sè ke yon rejim Assad dezespere chak jou pi plis ka petét gen rekou a zam chimik oubyen li ka petét pèdi kontwòl yo epi yo al tonbe nan men youn ou plizyè gwoup ki kounye a ap opere nan peyi Siri. Pa kont nan kad inite absoli ke nou tout genyen sou dosye sa a nou voye yon mesaj klè ke si yo travèse liy wouj sa a, responsab yo ap gen pou yo rann kont."
XS
SM
MD
LG