Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Opozisyon an Kontinye Manifeste kont Prezidan Morsi


Nan peyi Ejipt, lame deplwaye tank devan palè prezidansyèl la nan vil Lekèr aprè lese-frape ki te dewoule ant opozan ak patizan prezidan Mohamed Morsi ki lakoz lanmò 5 moun.

Lame pozisyone omwen 5 tank ak 2 lòt machin blende devan palè prezidansyèl la. Plis pase 350 moun blese nan kapital ejypsyèn nan pandan 2 jou vyolans lan.

Korespondan Lavwadlamerik Elizabeth Arrot ki te sou plas di violans la te komanse mèkredi 5 desanm nan lè patizan islamis msye Morsi yo te atake manifestan opozisyon an ki te move kou kong akoz dekrè prezidan an te pran mwa pase a.

Manda sa a bay msye Morsi plen pakèt pouvwa a e ki plase l sou tèt la jistis.
XS
SM
MD
LG