Accessibility links

Breaking News

Etazini - Siri : Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton bay Damas yon Pinga Konsènan Itilizasyon Zam Chimik


Lasiri fè konnen li pap itilize zam chimik kont pèp li . Otorite yo nan Damas fè soti deklarasyon sa a apre Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton te lanse yon pinga ba yo pou yo pa itilize okenn zam chimik kont rebèl kap goumen pou dechouke prezidan Bashar al-Assad sou pouvwa a. Chèf diplomasi amerikèn fè deklarasyon sa a nan vil Prag nan Repiblik Tchèk kote lap fè yon vizit tou kout.

Pandansetan fòs siryen yo kontinye ap atake zòn ki nan alantou kapital la Damas nan moman yap eseye repouse tantativ rebel yo ap fè pou yo vanse sou Kapital-la. Militan opozisyon yo di fòs gouvènmantal yo bonbade katye Damas yo lendi 3 desanm nan, yon jou apre yo te fin lanse kèk atak aeryen mòtèl ak kèk atak ak wokèt sou zòn ki anba men rebèl yo.

Konbatan ki kont prezidan Bashar al-Assad yo ap eseye pran kontwòl perimèt ki nan alantou Damas yo . Pandansetan, Depatman Deta ameriken fè konnen li gen espwa L’OTAN pral apwouve yon plan pou deplwaye misil Patriyòt tou prè fwontyè Laturki pataje ap peti Siri.
XS
SM
MD
LG