Accessibility links

Breaking News

Polis Fwontyè Peyi Lachin Pral Genyen Plis Otorite


Avan lontan Peken pral pèmèt polis fwontyè li monte abò bato etranje kap antre nan sa otorite chinwa yo konsidere kòm dlo teritoryal peyi yo nan lanmè Sid Lachin nan – yon zòn ki lage mezantant ant Peken ak sivès peyi nan rejyon an.

Medya leta chinwa a fè konnen lapolis nan pwovens Hainan, nan pati sid peyi a, pral gen otorizasyon pou yo kanpe, tcheke, sezi e mete deyò bato etranje ki antre nan dlo yo “ilegalman” --yon aksyon ki byen ka soulve tansyon nan rejyon an.

Ajans ofisyèl ofisyèl Chin Nouvèl di pami aktivite ilegal bato etranje kapab komèt, genyen mouvman pou yo antre nan dlo pwovens la san pèmisyon epi piblisite ki ka mete sekirite nasyonal La Chin an danje.

Menm sous la ajoute nouvo règleman sa yo pral antre ann aplikasyon nan dat premye janvye 2013 la.
XS
SM
MD
LG