Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin Dyaloge Avèk Etazini sou Kreyasyon CAED


Prezidan ayisyen an Michel Martelly ak premye minis Laurent Lamothe kreye yon mekanis ki rele « Cadre de Coordination de l'aide externe au Déveloloppement », ann abreje (CAED). Objektif li se yon meyè jesyon èd ekstèn pou devlopman ann Ayiti, e pou pèmèt li tounen yon peyi emèjan an 2030.

CAED pral chèche met sou pye mòd fonksyonnman k ap pèmèt èd ekstèn nan koresponn ak pryorite devlopman ekonomik Ayiti. Gouvènman Martelly-Lamothe la raple detèminasyon l pou redwi depandans li sou èd ekstèn nan Eske CAED pral pote rezilta pozitif pou peyi d Ayiti ? Plizyè obsèvatè kwè ke CAED ranplase Komisyon Enterimè Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH).

Kilès nan 2 antite sa yo k ap pi itil peyi dAyiti? E kijan bayèdefon yo pral akeyi kreyasyon CAED la? Envite pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik yo, konseye spesyal direksyon ministè Planifikasyon, Claude Grand Pierre, spesyalis nan kesyon planifikasyon ak bidjè, ekonomis Nesmy Manigat, ekonomis Frantz Telfort ki baze nan Fort Lauderdale, eta Flordie te reponn kesyon sa yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute pwogram lib tribin dyaloge ak Etazini
XS
SM
MD
LG