Accessibility links

Breaking News

Plis Manifestasyon nan Lejip kont Prezidan Mohamed Morsi


Nan peyi Lejip, plis lese-frape dewoule mèkredi 28 novanm 2012 la ant lapolis ak manifestan ki pran lari pa santèn pou denonse sa yo rele tandans diktatoryal Prezidan Mohamed Morsi, yon jou apre yon gwo kokenn manifestason ejipsyen yo te òganize pou memn rezon an.

Lapolis oblije sèvi ak gaz lakrimojèn pou l dispèse yon foul moun ki tap voye wòch nan yon ri ki pase tou prè anbasad Lèzetazini an nan kapital la, Lekèr.

Toujou nan kòmasnman jounen mèkredi a, yon lòt gwoup manifestan mete sou pye yon "sit-in" sou plas Tahrir la ki reprezante sant manifestasyon ki te dewoule ane pase a e ki te fin pa ranvèse gouvènman lidè ki te la anvan misye Morsi a, an palan de Prezidan Hosni Mubarak.

Sa pa gen lontan -pi presizeman nan dat 22 novanm pase a- Prezidan Morsi te pran yon dekrè ki ba li kèk nouvo pouvwa e ki anpeche otorite lajistis yo (kidonk, pouvwa jidisyè a) defye okenn nan desizyon li kapab pran.

Lendi 25 novanm nan, lidè ejipsyen an te rankontre ak manm Kou Siprèm nan e li te pwomèt pou l elimine yon pati nan pouvwa li bay tèt li a; pwomès sa a pa konsène otorite li nan domèn sekirite nasyonal la kote li vle genyen yon pouvwa nan limit ; sepandan li pat bay yon definisyon pou sa li konsidere kòm souverènte nasyonal la.

Gwoup opozisyon yo fè Misye Morsi egzijans pou l rantre dekrè a e yo akize li deske lap eseye dijire Lejip kòm yon diktatè.
XS
SM
MD
LG