Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Sanble ap Pare yon Tès Misil


Daprè yon konpayi satelit ki fè foto sou sa kap pase atè, sanble gen aktivite moun pa abitye wè nan yon sant lansman misil nan Kore di Nò --yon bagay ki ta vle fè kwè peyi sa a ap pare pou l lanse yon misil long pòte nan kèk semèn.

Konpayi satelit la, ki rele Digital Globe, pibliye lendi foto ki montre yon gwo ogmantasyon nan kantite moun, kamyon ak ekipman ki nan sant lansman Sohae, sou kòt wès Kore di Nò.

Nan yon konferans pou laprès pòtpawòl ministè afè etranjè sid-koreyen an, Cho Tai-Young, bay byen bonè madi 27 novanm 2012 la, li di foto sa yo bay rezon pou moun gen kè-sote.

Misye Cho deklare :
“Nap swiv de prè mouvman sa yo nan Kore di Nò ; e nap pran kontak ak kèk peyi konsène sou pwoblèm nan.”

Konpayi Digital Globe fè konnen aktivite moun fèk konstate sou sant lansman an nan Kore di Nò sanble tèt-koupe ak aktivite menm jan peyi sa a te mennen anvan li te fè yon tantativ pou l lanse yon fize nan mwa d avril 2012 la -yon tantativ ki te echwe.
XS
SM
MD
LG