Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Michel Martelly nan La Avàn, Kiba


Prezidan ayisyen an Michel Martelly ap pran avyon madi 27 novanm 2012 la pou li ale Kiba kote li pral siyen, ak otorite yo nan La Avàn, kèk akò kowoperasyon nan divès domèn tankou agrikilti ak lasante, pa egzanp.

Prezidan an ap fè vwayaj sa a nan moman peyi d Ayiti ap fè fas ak yon fenomèn ensekirite ki kontinye fè viktim nan mitan popilasyon an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe
XS
SM
MD
LG