Accessibility links

Breaking News

Ejip Politik : Plis Manifestasyon kont Tandans Diktatoryal Prezidan Morsi


Manifestan anba tant sou Plas Tahrir la nan vil Lekèr, 27 novanm 2012. (Foto: J. Weeks/VOA)
Manifestan anba tant sou Plas Tahrir la nan vil Lekèr, 27 novanm 2012. (Foto: J. Weeks/VOA)
Nan Lejip, manifestan anvayi Plas Tahrir la (ou Plas Libète) nan kapital la, Lekèr, pou yo denonse prezidan peyi a, Mohamed Morsi, ki te fè yon rankont ak reprezantan Kou Suprèm nan kote li di jij yo kèk pati nan yon dekrè ki ba li plen pouvwa fèt pou rete an vigè.

Anvan sa, nan jounen madi 27 novanm 2o12 la, manifestan te tonbe nan lese-frape ak lapolis, yo voye cocktail molotov ak kout-wòch sou polisye yo pou yo montre kijan yo pa kontan ak desizyon misye Morsi pran pou l plase tout pouvwa a anba ponyèt li.

Lendi, prezidan an te di jij yo li dispoze redui pouvwa li kap rete limite nan nivo souverènte nasyonal la sèlman. Sepandan li bay bay okenn definisyon pou sa li rele « souverènte nasyonal la », yon domèn kote li vle genyen yon pouvwa san bòn.
XS
SM
MD
LG