Accessibility links

Breaking News

'Médecins Sans Frontières' di Kèk Vaksen Pou Timoun Bay Rezilta Diferan nan Peyi an Vwa Devlopman yo


Filyal òganizasyon Medikal Médecins Sans Frontière, Episant, pibliye yon rapò pou l di vaksen ki sèvi pou anpeche yon seri maladi nan peyi endistriyalize yo bay rezilta diferan nan peyi an devlopman yo.

Sa vle di plizyè milyon timoun ki pran nesans chak ane nan peyi pòv yo resevwa yon vaksen ki gen pipiti efè konpare l ak rezilta li bay lakay timoun k ap viv nan peyi rich yo. Direktris Episant la Rebecca Grais di vaksen yo dwe bay menm rezilta: ‘‘Nou vle asire n vaksen pou pwoteje timoun nan peyi rich yo bay menm rezilta nan peyi pòv yo.”

Rapò a revele anpil peyi sou kontinan Afriken an gen pwoblèm elektrisite pou konsève vaksen yo nan refrijeratè. Move wout ak lòt pwoblèm pou òganize transpò yo reprezante defi pou vaksen yo rive nan bon kondisyon nan kominote yo.

Nan Nijèr, madan Grais ansanm ak ekip li a analize dosye plis pase 10 mil ti moun ki gen mwenske 5an. Chèchè yo dekouvri dyare se youn nan prensipal koz lanmò timoun nan peyi sa a. Se yon enfeksyon ki rele rotavirus ki bay dyare sa a.

Episant di gen tès ki fèt nan peyi endistriyalize sou 2 vaksen ki disponib kont enfeksyon an, e tès yo moutre ke vaksen an gen jiska 90 pousan chans pou l trete maladi a nan peyi endistriyalize yo konpare ak jiska 60 pousan nan peyi sou devlope yo ann Afrik ak ann Azi.

Episant, filyal Médecins Sans Frontières la, lanse 2 lòt etid pou chache lòt metòd pou distribye vaksen kont tetanos nan Tchad ak nan Ouganda. Chèchè yo espere rezilta yo ap konvenk konpayi k ap fabrike medikaman yo sou nesesite pou vaksen y ap prepare yo bay pi bon rannman pou ede leve defi peyi sou devlope yo ap konfwonte.
XS
SM
MD
LG