Accessibility links

Breaking News

Akò sou yon Seselfe nan Goumen ant Izrayèl ak Militan HAMAS yo


Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton (nan mitan) avèk Prezidan ejipsyen an Mohammed Morsi (adwat), epi Minis Afè Etranjè ejipsyen an, Mohammed Kamel Amr nan vil Lekèr (mèkredi 21 novanm 2012).
Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton (nan mitan) avèk Prezidan ejipsyen an Mohammed Morsi (adwat), epi Minis Afè Etranjè ejipsyen an, Mohammed Kamel Amr nan vil Lekèr (mèkredi 21 novanm 2012).
Yon seselfe nan batay ki tap dewoule ant sòlda Izrayelyen ak militan palestinyen yo, gras ak yon akò peyi Lejip te rive jwenn mèkredi 21 novnam 2012 la, sanble ap kenbe jiskaprezan. Seselfe sa a mete fen nan 8 jou lese-frape ki fèt ant 2 belijeran yo e ki touye plis pase 140 palestinyen, tandiske gen 5 izrayelyen ki pèdi lavi yo.

Nan vil Lekèr, kapital Ejip, biwo prezidans la pibliye tèkst akò a ki mande pou Izrayèl sispann tout atak atè, pa bato ou pa avyon li tap lanse sou popilasyon tèritwa Gaza a. Se konsa tou, tout gwoup palestinyen yo gen obligasyon pou yo sispann tout atak yo tap lanse sou Izrayèl a pati de Gaza. Moun kap viv nan Gaza yo pat pran tan pou yo kouri pran lari nan moman seselfe a te kòmanse a, e genyen nan yo ki te menm tire an lè pou yo selebre anons la.

Minis afè etranjè ejipsyen an, Mohammed Kamel Amir, te anonse nouvèl sou seselfe mèkredi nan vil Lekèr pandan Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, te bò kote li. Gouvènman ejipsyen an pral swiv sitiyasyon an de prè pou l konnen si 2 pati yo ap kontinye respekte akò a, ki se rezilta demach diplomatik san pran souf ki fèt nan jou ki sòt pase yo e ki te gen patisipasyon chèf diplomasi Lèzetazini an, Hillary Clinton, ak Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon. Madam Clinton pale pou l di li konsidere seselfe a kòm yon moman trè zenpòtan pou rejyon an. Sekretè deta ameriken an deklare –nap site:

“Pèp kap viv nan rejyon sa a merite gen yon chans pou yo viv san lapèrèz e san vyolans. Akò nou jwenn Jodi a se yon pa nan bon direksyon an, e nou ta dwe sèvi avèk li pou n reyalize plis bagay toujou.”

Madam Clinton pwofite pou l fè konpliman pou nouvo gouvènman peyi Lejip la poutèt li jwe yon wòl kle nan efò ki debouche sou seselfe sa a e poutèt li pran angajman pou l travay ak Washington pou garanti ke 2 pati yo respekte akò a.
XS
SM
MD
LG