Accessibility links

Breaking News

Afganistan : Yon Atak Kamikaz Fè 2 Mò


Yon atak kamikaz ak bonm toupre yon baz l’OTAN nan Kaboul , kapital Afganistan, pran lavi 2 gad sekirite afgan e blese 5 sivil.

Responsab yo presize , se 2 nèg ki te gen sou yo jilè chaje ak eksplozif ki te men-nen atak la. Gen youn ladan yo omwen ki te fè eksplozif yo sote apre yon gad sekirite te tire l.

Eksplozyon an rive nan yon zònn ki toupre Camp Eggers nan yon seksyon nan Kaboul kote w jwenn katye jeneral l’OTAN ak kèk anbasad etranjè, atak sa a te fè alam deklanche nan Anbasad amerikèn nan nan Kaboul.

Taliban yo pran responsabilite pou atak la
XS
SM
MD
LG