Accessibility links

Breaking News

Etazini Denonse Deklarasyon Asosyasyon Sidès Azyatik la Sou Dwa Moun


Lèzetazini lasne avètisman pou l di deklarasyon sou dwamoun peyi manm Asosyasyon Sidès Azyatik la te adopte sa pa gen lontan, pa repoze sou prensip entènasyonal yo e gouvènman gwo ponyèt nan rejyon an kapab mal itilize l.

Dimanch 18 novanm pase a, lidè peyi konsène yo te adopte yon deklarasyon pou garanti pwoteksyon anviwon 600 milyon moun kap viv nan 10 peyi manm òganizasyon rejyonal la.
Sekretè Jeneral òganizasyon an, Surin Pitsuwan, konsidere antant la kòm evolisyon pozitif e li deklare peyi nan rejyon an pran angajman pou yo respekte prensip ki pi serye yo.

Men Depatman Deta ameriken deklare feblès deklarasyon an ba li preokipasyon, paske li pa an akò ak prensip ki nan Deklarasyon Inivèsèl dwa Dwamoun Nasyonzini rekonèt la.

Pòt pawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland, di deklarasyon an sèvi ak reyalite kiltirèl yo pou l fè konprann prensip Deklarasyon Inivèsèl la pa aplikab nan tout peyi.
XS
SM
MD
LG