Accessibility links

Breaking News

Ayiti Make Jounen Entènasyonal Dwa Timoun yo


Lemond ap komemore anivèsè siyati Konvansyon Entènasyonal Dwa Timoun puiske se yon 20 novanm ---swa 20 novanm 1989--- , ke 191 delege ki te soti nan plizyè peyi te siyen gwo dokiman sa-a , yon dokiman ki rete nan menm lespri Deklarasyon Dwa Timoun yo ki te pwoklame 20 novanm 1959 .

Nan okazyon sa a responsab nan gouvènman ayisyen an ak òganizasyon timoun mete sou pye yon seri aktivite pou make dat la e pou fè deba sou pwoblèm timoun yo ap konfwonte nan peyi Dayiti .

Tèm ane sa a se : « Timoun se boujon Lespwa » , « Timoun se Boujon Lavni ».

Nan okazyon an tou Jacquelin Belizaire te resevwa kòm envite nan Fowòn Jèn , Emmanuella Laventure yon jèn ki se volontè nan Enpak, yon òganizasyon lokal kap travay nan defans dwa timoun .
XS
SM
MD
LG