Accessibility links

Breaking News

Otorite Kolonbi yo Kòmanse fè Chita -Tande ak Mouvman Gerilla Farc la


Otorite Kolonbi yo ak mouvman guerrilla Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi (FARC) ap fè chita-tande lendi 19 novanm 2012 la nan vil La Avàn, Kiba, pou yo chache mete fen nan rebelyon ki dire pi lontan nan rejyon Amerik Latin nan.

Se premye negosyasyon konsa kap fèt depi seri chita-koze ki te kraze nan lane 2002 a. Reprezantan 2 pati yo te lanse nouvo negosyasyon sa yo ofisyèlman mwa pase a nan peyi Nòvèj.

Gouvènman kolonbyen an fè konnen li ta renmen jwenn yon akò avèk rebèl yo nan mwa kap vini yo e non pa nan ane kap vini yo.

Nouvèl yo fè konnen negosyatè yo ap fikse atansyon yo sou yon pwogram ki gen 5 pwen : Refòm agrè, dwa politik pou rebèl yo yon fwa yo va fin siyen yon plan lapè, trafik ilegal dwòg, dezameman ak dedomajman pou moun ki viktim nan konfli yo.

Gouvènman kolonbyen an ak rebèl FARC yo twouve yo nan yon gè sivil ki la depi plizyè dizèn lane e ki pran lavi plizyè santèn milye moun.
XS
SM
MD
LG