Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama ap Vizite Kanbòdj


 Prezidan Obama nan mitan Premye Minis kanbodyen an, Hun Sen (adwat) ak Premye Minis Ostrali a, Julia Gillard - Dine nan okazyon rankont peyi manm Asosyasyon Sidès Azyatk la (19 nov. 2012).
Prezidan Obama nan mitan Premye Minis kanbodyen an, Hun Sen (adwat) ak Premye Minis Ostrali a, Julia Gillard - Dine nan okazyon rankont peyi manm Asosyasyon Sidès Azyatk la (19 nov. 2012).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan peyi Kanbòdj, 3èm e dènye etap yon tounen sou kontinan azyatik la. Sou pwogram vizit sa a, nou jwenn Misye Obama genyen pou l rankontre lendi swa avèk Premye Minis kanbodyen an, Hun Sen. Daprè La Mezon Blanch, prezidan an pral mete devan otorite yo kè-sote Lèzetazini genyen akoz dosye dwamoun peyi Kanbòdj.

Anvan prezidan Obama te ale nan peyi Kanbòdj, li te fè yon vizit nan Birmani kote l tounen premye lidè ameriken ki ale nan peyi sa a pandan li sou pouvwa toujou. Li pale ak otorite birman yo pou l di yo refòm yap fè nan peyi a fèk kòmanse e genyen anpil travay ki rete pou fèt toujou. Aprè yon rankont 4 trèdtan prezidan ameriken an fè ak lidè biman an, Thein Sein, li te bay yon konferans pou laprès kote li fè konpliman pou pwogrè peyi a fè pandan lap mache nan direksyon demokrasi. Prezidan Obama di:

“Mwen pataje ak Prezidan Thein Sein kwayans kòmkwa pwosesis refòm li lanse a se yon pwosesis ki pral pèmèt peyi a ale ann avan. Dispozisyon li deja pran pou peyi a avanse sou wout demokratizasyon, eleksyon, liberasyon prizonye politik yo, mete sou angajman li pran pou l travay avèk nou nan yon dyalòg sou respè dwamoun, tou sa kapab debloke bèl peyi sa a pou l devlope tout potansyalite li. “

Lè Prezidan Obama te fin fè rankont sa a ak Misye Sein, li menm ak Sekretè Deta Hillary Clinton te ale lakay lidè opozisyon an, Aung Sang Suu Kyi, pou pwochen aktivite ki te sou pwogram vizit la. Madam Suu Kyi pale pou l di Misye Obama mèsi pou apui total-kapital li pote bay mouvman demokratik la nan Bimani. Li fè konnen li gen gwo konfyans apui sa a pral kontinye menm pandan sa li konsidere kòm yon peryòd difisil ki pi devan. Madam Suu Kyi deklare :

« Mwen di peryòd difisil, paske nan nenpòt ki tranzisyon, moman ki pi difisil la, se lè w panse siksè a pa lwen. Lè sa a, nou dwe pran anpil prekosyon pou se pa yon siksè chimerik ki devan nou ; nou dwe travay pou nou pèmèt pèp nou an jwenn yon vrè suskè ; sa bon pou amitye ki egziste ant 2 peyi nou yo. »

Anvan Prezidan Obama te ale nan Birmani, li te vizite dimanch 18 novanm 2012 la peyi Tayland, premye etap toune li sou kontinan azyatik la. Se premye deplasman lidè ameriken an aletranje depi li te ranpòte yon 2èm manda sou pouvwa a kòm venkè eleksyon prezidansyèl ki te dewoule Ozetazini nan dat 6 novanm pase a.
XS
SM
MD
LG