Accessibility links

Breaking News

Gwo Batay ap Kontinye ant Lame Izrayèl ak Militan Palestinyen yo


Palestinyen kap touye yon dife ki pran aprè yon atak avyasyon militè Izrayèl lanse sou Gaza
Palestinyen kap touye yon dife ki pran aprè yon atak avyasyon militè Izrayèl lanse sou Gaza
Lame peyi Izrayèl ak gwoup militan HAMAS kontinye twoke gwo koutzam lou nan moman Izrayèl pa sispann rasanble fòs militè sou fontyè li avèk Bann Gaza a, nan sa k sanble ak yon prepasyon pou l lanse yon envazyon pa tè sou tèritwa a.

Samdi 17 novanm 2012 la, avyasyon militè Izrayèl lanse plis 200 atak sou Gaza ki anba kontwòl HAMAS e kote atak yo te vize biwo Leta yo, san bliye biwo Premye Minis palestinyen an Ismail Haniyeh, ak lokal kote kabinè ministeyèl la reyini. Misye Haniye pat la lè atak la fèt sou biwo l la. Se konsa tou, lame izrayelyèn nan atake zòn kote palestinyen yo rete pou yo lanse atak wokèt sou Izrayèl.
XS
SM
MD
LG