Accessibility links

Breaking News

Etidyan Ayisyen Kontinye Mobilize aprè Asasina yon Kondisip yo


Ann Ayiti, etidyan k ap pwoteste aprè asasina yon konsidip yo, deside rete mobilize anndan lokal fakilte yo pou yo evite nuizans lapolis.

Yon lòt kote, reyaksyon tonbe aprè Pouvwa Egzekiif la te anonse kreyasyon sa li rele « yon kolèj tranzisyon” pou travay sou fòmasyon Konsèy Elektoral la.

Epi Prezidan Michel Martelly kite Ayiti jedi 15 novanm 2012 la pou li ale nan peyi Lespay kote li pral asiste Somè Ibewo-Ameriken an k ap reyini lidè espayòl yo ak dirijan kèk nasyon ki sou kontinan ameriken an –sitou peyi latino-ameriken yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute repòtaj Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG