Accessibility links

Breaking News

Apèl Nasyon Zini pou Ayiti Jwenn 39 Milyon Dola an plis kòm Èd Dijans


Yon seyans nan katye jeneral Nasyon Zini nan vil Jenèv, peyi Laswis. (KEYSTON)
Yon seyans nan katye jeneral Nasyon Zini nan vil Jenèv, peyi Laswis. (KEYSTON)
Daprè yon nòt pou laprès ki sòti nan Biwo Nasyon Zini pou Kowòdinasyon Afè Imanitè yo (OCHA), l'ONU lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou mande l ajoute 39 milyon dola sou èd lap bay gouvènman ayisyen an pou l kapab fè fas ak konsekans pasaj siklòn Sandy sou peyi Dayiti.

Asistan kowòdonatris biwo sekou dijans l’ONU, miss Catherine Bragg, anonse lendi 12 novanm 2012 la lansman sa ki rele yon « Pwogram Revizyon Dijans » pou konsolide apèl l’ONU te deja lanse an favè Ayiti . Nan moman Miss Bragg tap fè anons la, li te genyen avèk li Misye Jean-Bony Alexandre, Chaje Dafè Misyon Pèmanan Ayiti nan vil Jenèv, nan peyi Laswis, ak Misye Nigel Fisher, asistan reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyon Zini e kowòdonatè aksyon imanitè ann Ayiti.

Oganizasyon Nasyon Zini mande sòm 39 milyon dola an plis sa a pou ede Ayiti fè fas ak ensekirite alimantè e pèmèt plis pase yon milyon moun jwenn abri pwovizwa, swen sante ak dlo potab. 22 milyon dola nan lajan sa a ap nesesè pou satisfè pi fò bezwen ijan yo pandan rès ane 2012 la. Jounen jodi a Ayisyen yo ap fè fas ak konsekans menm siklòn ki te frape plizyè lòt peyi nan Karayib la ak Lèzetazini sa gen kèk semèn sèlman.

Siklòn Sandy, ki te pase sou Ayiti nan dat 23 oktòb 2012 la, te pran lavi 54 kretyen vivan e kite plizyè milye moun san kote pou yo rete, ni mwayen pou yo jwenn sèvis ki pi elemantè yo apre gwo lapli te pase 3 jou youn dèyè lòt ap tonbe sou peyi a. Yon milyon 500 mil moun ap fè fas ak ensekirite alimantè alòske 2 pousan timoun ki gen mwens ke 5 kan ann Ayiti e ki te deja mnake manje, riske pou yo viktim gwo pwoblèm malnitrisyon.

Dapre chif gouvènman an fè parèt, sektè agrikòl la pèdi yon tyè nan pwodiksyon anyèl li akoz Sandy ak tanpèt twopikal Isaac ki te pase sou peyi Dayiti nan mwa Dout 2012 la, san bliye fenomèn sechrès la. An plis de sa, Sandy kraze oubyen li domaje 27 mil 701 kay ; gen 2 mil 300 moun ki twouve yo nan abri pwovizwa. Move tan sa a kraze 61 sant tretman kolera nan moman responsab yo kontinye anrejistre nouvo ka maladi a.

Nòt Biwo Nasyon Zini pou Kowòdinasyon Afè Imanitè yo (OCHA), pale tou de gwo lapli ki frape vil Kap Ayisyen, nan Depatman Nò peyi a, kote nouvèl yo fè konnnen plis pase yon dizèn moun mouri e plizyè milye lòt oblije pati kite zòn kote yo tap viv la.
XS
SM
MD
LG