Accessibility links

Breaking News

Chin - Politik: Avètisman Prezidan Hu Jintao kont Koripsyon nan Pati Kominis la


Nan Lachin, prezidan sòtan an, Hu Jintao, lanse avèstisman pou l di koripsyon kapab gen konsekans fatal pou pati kominis ki sou pouvwa a.

Misye Hu pale konsa nan ouvèti yon kongrè ki trè zenpòtan, paske li kapab debouche sou monte yon jenerasyon lidè tou nèf nan tèt peyi a.

Misye Hu deklare:
“Travay pou n kwape koripsyon epi bati yon gouvènman onèt e pwòp, se zouti-klé pati a kapab itilize pou l fè travay ki enpòtan nan je pèp la. Si nou pa rive desitire koripsyon, sa kapab genyen move konsekans, konsekans grav pou pati nou nou; sa menm kapab lakoz pati a tonbe e debouche tou senpleman sou echèk peyi nou an.”

Prezidan Hu fè deklarasyon sa a nan yon diskou li pwononse devan anviwon 2 mil delege ki reyini nan Grand Sal Pèp la nan Peken kote li ajoute: “Pati kominis la dwe fè tout sa l kapab pou li garanti ke tout sitwayen chinwa egal-ego devan lalwa."

Yon lòt kote, toujou nan Lachin, anpil jounalis ak analis etranje ki akredite nan peyi a pale pou di otorite yo fè tantativ pou yo bloke kont yo genyen sou medya sosyal tankou Twitter, nan moman pati kominis la tanmen yon kongrè ki fèt chak 10 zan pou pote chanjman nan direksyon pati kominis la e, pa konsekan, nan tèt gouvènman chinwa a.
XS
SM
MD
LG