dimanch 20 avril 2014, 21:00 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Kimoun ki Barack Obama?

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan Barack Obama  lidè pati demokrat la Ozetazini ki ale dèyè yon 2èm manda nan eleksyon madi 6 novanm 2012 la— mennen kanpay nan yon kous ki te trè sere avèk kandida pati repibliken-an, ansyen Gouvènè Eta Massachusetts la, Mitt Romney.

Aprè misye Obama te monte sou pouvwa a  an janvye 2009, li te rive kenbe yon pwomès elektoral, a savwa pwomès pou l pote bon jan refòm nan sistèm swen santé a Ozetazini. Menm si lwa sou refòm sa a te pwovoke anpil pawòl-anpil --e menm gwo chirepit ant patizan ak advèsè l yo--, Kou Siprèm peyi a te rive kore dispozisyon ki ladan n yo.


Nan kad efò administrasyon Obama a t ap fè pou l relanse yon ekonomi li te jwenn nan yon eta deplworab (aprè 2 manda repibliken kote Lèzetazini te genyen Goerge W. Bush nan tèt), Barack Obama te fè presyon pou gouvènman an mete an plas yon plan 787 milya dola pou ankouraje kwasans ekonomik nan peyi a, e, aprè anpil deba, diskisyon ak negosyasyon, kongrè a te fin pa apwouve pwogram nan.

An 2011, Barack Obama ta pral make yon gwo pwen nan domnèn politik entènasyonal la, lè l te bay apwobasyon li pou lame amerikèn lanse yon operasyon espesyal ki te debouche sou lanmò lidè Rezo teworis  al-Kaida, Ozama Bin Laden, nan peyi Pakistan. Se konsa tou, Misye Obama ta pral reyisi fè retrè twoup militè ameriken ki te nan Irak yo, epi li pran angajman pou tout twoup konba ameriken ki nan Afganistan kite peyi sa a anvan fen lane 2014.
 
Sepandan, Prezidan Barack Obama te gen pou l fè fas ak anpil gwo defi nan efò li fè, pa egzanp, pou l bese to chomaj la Ozetazini epi reyalize yon relans ekonomik total. Se konsa tou lidè pati opozisyon an, (kidonk, lidè pati repibliken-an) repwoche l le fèt ke defisi federal la rive nan yon nivo ki depase yon trilyon dola. Youn nan lòt pwoblèm administrasyon Obama a te gen pou konfwnte, se le fèt ke li te difisil pou l fè pwojè-lwa li-yo pase, daprèzavwa Repibliken yo te rive pran kontwòl Chanm dè Reprezantan-an (kidonk Chanm Depite a) nan eleksyon mi-manda ki te dewoule nan lane 2010 la.

Barack Obama te pran nesans nan Hawayi an 1961. Li te pran premye diplòm inivèsitè li nan Inivèsite Columbia an 1983 epi li te kontinye etud li pou l pran yon diplòm avoka nan youn nan univèsite ki gen plis prestiij Ozetazini, an palan de Univèsite Harvard, nan lane 1991. Li se premye nwa-ameriken ki rive ranpòte yon eleksyon pou l okipe plas prezidan Lèzetazini Damerik.

An menm tan tou, se premye prezidan ameriken ki, pandan li sou pouvwa a toujou, apiye lagalizasyon maryaj moun ki gen menm sèks (sètadi, maryaj gason ak gason, fanm-ak fanm). Barak Obama te ranpòte Pri Nobèl Lapè-a an 2009; li se yon mesye marye ; Madanm li rele Michelle Obama, e yo genyen 2 pitit fi: Sacha ak Malia.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

Swiv nou sou rezo sosyal yo