Accessibility links

Breaking News

Pasaj Siklòn Sandy sou Kòt Ès Lèzetazini - Gwo Sispens nan Divès Eta


 Yon nèg ap pran foto gwo lanm-lanmè siklòn Sandy kòmanse pwovoke nan vil Ocean City, nan Eta New Jersey.
Yon nèg ap pran foto gwo lanm-lanmè siklòn Sandy kòmanse pwovoke nan vil Ocean City, nan Eta New Jersey.
Ozetazuni, lavi nòmal la deranje totalman nan anpil eta sou kòt ès peyi a nan moman siklòn Sandy ap lage lapli epi pote van sou eta sa yo, depi Kawolin di Nò rive jous nan Eta Konektikit, epi li menase plis rejyon toujou sou kot ès la pandan lap avanse nan direksyon nò.

Otorite yo pase lòd pou yo fèmen lekòl, sèvis otobis ak tren nan gwo vil yo tankou Washington, New York, Baltimore, Filadèlfi); pa egzanp, yo kanpe sèvis tren ki konn sòti nan kapital federal la pou ale Filadèlfi, New York ak Boston.

Nan kad menm mezi prekosyon sa yo, konpayi ayeryèn yo pran desizyon pou yo anile plizyè milye vòl ki ta prale oubyen sòti sou kòt ès la, menm jan konpayi tren nasyonal la, AMTRAK, deside kanpe tout operasyon nan rejyon an pou jounen lendi a. Menas Sandy poze, lakoz mache d labous ameriken an –ki gen katye-jeneral li nan vil Manhattan- anile tout aktivite pou jounen an.

Daprè previzyon meteowolojik yo, siklòn SANDY kapab lakoz lanm-lanmè yo monte yon wotè kap depase 3 mèt sou kòt vil New York, yon sitiyasyon ki kapab pwovoke gwo inondasyon. Se konsa, otorite nan vil la pase lòd pou 375 mil moun pati kite zòn kote yap viv yo, si yo sitiye prè lanmè; pami rejyon sa yo genyen Manhattan. Majistra New York la, Michael Bloomberg, pale ak popilasyon an dimanch 28 oktòb la pou l di tout moun fèt pou pran avètisman ak konsèy otorite yo oserye. Majistra Bloomberg di –nap site:

”Kite m ensiste pou m di si ou pa deplase, wap tou senpleman mete lavi ou an danje; non sèlman wap mete lavi ou an danje, men tou wap mete an danje lavi sekouris ki pral oblije deplase pou vin pote w sekou, pou wete w kote w rete a. Nou pa swete ou gen pou fè fas ak yon sitiyasyon difisil konsa; men se yon bagay ki posib…”

Daprè previzyon yo toujou, siklòn Sandy genyen pou l touche tè sou kòt Eta New Jersey nan jounen lendi 29 oktòb la oubyen byen bonè madi. Menm previzyon yo fè konnen sistèm nan pral lage anpil lapli nan rejyon li pral travèse yo.

Akoz pasaj siklòn Sandy sou yon gwo pati nan rejyon ès Lèzetazini, Prezidan Barack Obama ak rival repibliken n nan, Mit Romney, pran desizyon pou yo anile kèk aktivite elektoral yo ta pral mennen nan Vijini, yon eta trè zenpòtan pou eleksyon prezidansyèl 6 novanm nan e kote elektè deja kòmanse vote. Responsab kanpay chak nan 2 kandida yo patisipe dimanch nan divès pwogram televizyon kote yo di Prezidan Obama ak Gouvènè Romney genyen kè-sote anpil pou byennèt elektè kap viv nan rejyon kote siklòn nan pral pase yo.
XS
SM
MD
LG