Accessibility links

Breaking News

Jakmèl - Jistis: Plent Ofisyèl Jij Bob Simonis Kont Senatè Edou Zenny


Nan vil Jakmèl, Depatman Sidès peyi d Ayiti, Jij Bob Simonis depoze plent ofisyèlman kont youn nan senatè depatman an anba akizasyon deske palmantè a, Edou Zenny, ta krache nan figi reprezantan lajistis la.

Mèt Simonis fè konnen ensidan an te rive nan moman Ii tap patisipe nan yon pwogram radyo kote senatè a te parèt san zatann e san envitasyon epi li krache sou li ansanm ak yon lòt patisipan nan emisyon an, pwofesè Lucien Pierre.

Yon lòt kote, minis delege ayisyen ki responsab sekirite enèjetik la, René Jean Jumeau, fè yon vizit nan Plato Santral la kote li anonse gouvènman Martelly-Lamothe la genyen plan pou l mete kouran nan zòn riral peyi a.

Daprè deklarasyon Minis Jumeau fè pandan vizit sa a, Leta ayisyen pral ofri kouran sa a pou yon pri trè abòdab.
XS
SM
MD
LG