Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal “Izaak” ap Pwoche sou Kòt d Ayiti


Yon kaptenn meteo ap eksplike trajektwa tanpèt twopikal Izaak
Yon kaptenn meteo ap eksplike trajektwa tanpèt twopikal Izaak
Popilasyon peyi d Ayiti ap pare pou pasaj tanpèt twopikal Izaak kap rive sou peyi a pi ta nan jounen vandredi 24 out 2012 la. Sèvis Meteo nasyonal ameriken an prevwa sistèm nan ka lage jiska 50 santimèt lapli sou Ayiti ; yon senaryo konsa kapab pwovoke inondasyon ak glisman teren e reprezante yon menas pou lavi anpil moun.
Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe ki pale ak Lavwadlamerik, di gouvènman an ap ofri popilasyon an tout abri ak tout pwoteksyon posib. Misye Laurent ajoute li te genyen pèsonèlman yon rankont, jedi 23 out la, avèk reprezantan kominote entènasyonal la pou l te abòde avèk yo mwayen yo kapab pote kontribisyon yo bay peyi a nan tout asistans ki ta nesesè pandan e aprè pasaj tanpèt la

Bò kote pa li, Prezidan Michel Martelly mande ayisyen yo pou youn pote kole ak lòt nan yon efò pou yo pwoteje tèt yo pandan pasaj tanpèt twopikal Ia. Nan yon mesaj Misye Martelly mete devan pèp la nan sware jedi 23 out la, li anonse li deside ranvwaye yon vwayaj li ta pral fè wikenn sa a nan peyi Japon kote li tap genyen, antwòt, pou l abòde dosye rekonstriksyon an avèk otorite japonè yo. Lidè ayisyen an pale pou l di -nap site :

«Pèp la pa kapab ap fè fas ak yon danje, epi pou prezidan li lòt bò dlo. »

Anfen, nan yon entèvyou direktè Sant Nasyonal Meteo Ayisyen an, Meteològ Ronald Semelfort, bay Lavwadlamerik, li fè konnen Ayiti pral kòmanse santi prezans tanpèt twopikal Izaak nan fen jounen vandredi a. Li atire atansyon sou le fèt ke sistèm nan sanble ap reprann direksyon lwès la, olye de lwès/nòdwès –yon bagay ki ka limite danje ki menase sitou Gran Sid la ki gen ladan Depatman Sidès, Sid, Grandans avèk Nip. An tou ka, Misye Semelfort ensiste pou l di « alèt wouj la » toujou rete valab pou tout depatman jewografik peyi d Ayiti –sa vle di moun tout kote sou tèritwa nasyonal la dwe rete vijilan.

Lè <<Isaak>> kite Ayiti, li va mete kap sou Kiba kote espesyalis meteo yo prevwa li kapab tounen yon siklòn. Li kapab rive sou kòt Lèzetazini byen bonè semèn pwochèn; si sa fèt, move tan an kapab genyen move konsekans sou dewoulman konvansyon nasyonal Pati Repibliken an ki gen pou kòmanse lendi nan vil Tampa, nan eta Florid.
XS
SM
MD
LG